Premye Minis David Cameron nan La Grand Bretay, genyen pou l prezante devan palman an mèkredi 20 jiyè 2011 la pou l reponn kesyon sou rapò pèsonèl li avèk dirijan yon konpayi medya ki twouve li nan mitan yon eskandal kote responsab konpayi sa a ta fè mete telefòn moun sou tab-dekout pou yo jwenn enfòmasyon sou moun sa yo.
Misye Cameron twouve l anba kritik kòmkwa li te anplwaye yon ansyen redaktè-an-chèf yon jounal ki fèmen kounyela a e ki anba akizasyon deske li te trike ou manipile apèl moun t ap resevwa sou pòtab yo --yon pratik ki te rive lakoz yon jèn ti dam mouri ansasinen, menm jan jounal la te itilize taktik sa a pou l te gen nouvèl sou sòlda ki mouri ak lòt moun ankò.
Pandan chèf gouvènman britanik la t ap vizite peyi Nijerya nan kòmansman semèn nan, li te defann fason gouvènman n nan reyaji jiskala devan eskandal la.
Misye Cameron di : « Mwen panse pandan 7 jou ki pase yo, gouvènman an pase alaksyon rapidman pou l fè lajistis lanse yon ankèt sou afè a e garanti ke lapolis mennen yon envestigasyon ki janm, pou asire ke Komisyon Polis Endepandan an jwe wòl li kòmsadwa, yon fason pou piblik la kapab gen konfyans ke nou pral kontwole dosye a e rive konnen egzatteman kisa k pase. »
Premye Minis David Cameron resevwa kritik tou nan men opozisyon an ki repwoche l le fèt ke li te rakontre twò souvan ak responsab jounal konsène a, an palan de News of The World, ki se propriyete gwo potanta divès medya entènasyonal, Rupert Murdock.