Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Prezidan Obama avèk Lavwadlamerik sou Retrè Sòlda Ameriken ki nan Afganistan yo


Prezidan ameriken an Barack Obama nan entèvyou li bay jounalis Lavwadlamerik Andre de Nesnera, nan La mezon Blanch (Foto ofisyèl La mezon Blanch, Lawrence Jackson)
Prezidan ameriken an Barack Obama nan entèvyou li bay jounalis Lavwadlamerik Andre de Nesnera, nan La mezon Blanch (Foto ofisyèl La mezon Blanch, Lawrence Jackson)

Prezidan Barack Obama prezante, mèkredi 22 jen 2011 la, yon mesaj kote li anonse kòmansman retrè twoup militè ameriken yo nan Afganistan. Nan menm jounen an li te bay Lavwadlamerik yon entèvyou sou politik jeneral Lèzetazini vizavi peyi azyatik la. Andre de Nesnera, yon jounalis nan biwo santral sal-dè-nouvèl VOA la ki te rankontre ak prezidan an, te kòmanse pa di misye Obama:

Andre de Nesnera: Ou fèk anonse yon retrè pasyèl nan twoup ameriken ki nan Afganistan yo. Kouman pèp afgan an fèt pou l wè retrè sa a ?

Prezidan Obama: Ebyen, mwen panse sa montre siksè ranfò militè nou te voye sa genyen 1 nan edmi, menm jan sa montre nou pran tranzisyon an o-serye. Mwen te anonse nou ta pral voye 30 mil sòlda an plis laba a. Objektif nou te trè presi : Nou ta pral bloke pwogrè Taliban yo t ap fè, kote yo te kòmanse pran kontwòl peyi a deplizanpli, e nou ta pral itilize tan sa a pou n gen garanti nou antrene fòs sekirite afgan yo yon fason pou yo menm, Afgan, te kapab genyen kapasite pou yo asire sekirite pwòp peyi yo.

Nou reyalize bon jan pwogrè pandan tan sa a ; kidonk, sa nou wè sou teren an, se yon ogmantasyon 100 mil sòlda agfan ki byen antrene ; nou wè kèk rejyon tankou Kandahar ak Helmand ki sòti anba men Taliban yo, yon fason pou moun k ap viv nan kominote sa yo kapab santi yo gen plis sekirite. Sa n ap fè pou le moman, se wete 10 mil sòlda anvan fen ane sa a, plis yon lòt kantite 23 mil òm anvan fen sezon ete pwochen an.

Konsa, nou pral diminye efektif militè nou pou n mete l nan nivo li te ye anvan nou te voye ranfò a. Ansuit, nou pral kontinye fè tranzisyon sa a jiskaske lame Afganistan an va byen kanpe, avèk objektif pou n fin fè tranzisyon an anvan fen ane 2014. Sepandan, apre 2014 nou vle asire nou ke nou kenbe yon relasyon solid avèk pèp afgan an e avèk gouvènman afgan an. Nou pa p genyen menm nivo prezans militè a ; men sou plan ekonomik la e sou plan devlopman an, nou espere kontinye travay avèk Afgan yo jan nou te toujou fè sa a.

Entèvyou Prezidan Obama avèk Lavwadlamerik sou Retrè Sòlda Ameriken ki nan Afganistan yo
Entèvyou Prezidan Obama avèk Lavwadlamerik sou Retrè Sòlda Ameriken ki nan Afganistan yo

Andre de Nesnera: Ki tip enpak ou panse sa pral genyen sou alye nou yo nan l’OTAN ? Pa egzanp, kijan ou pral garanti ke alye l’OTAN yo, yo menm, pa prese kite Afganistan tou, epi, nan yon sèten sans, garanti ke yo pa kite peyi a anvan nou menm, nou fin kite l.

Prezidan Obama: Ebyen, a la verite, nou te deja asire nou ke nou pran yon kontak sere-sere ak alye nou yo nan l’OTAN anvan menm nou te pran desizyon an. Apre sa, mwen fè diskisyon avèk Sekretè Jeneral l’OTAN an, menm jan mwen fè sa ak prensipal peyi ki prezan nan kowalisyon an.

Se yo tout ki rekonèt nou te voye yon ranfò laba a e kounyela a nou pral wete ranfò sa a. Men efektif de baz nou an --swa yon afè de 68 mil sòlda- pral rete la, menm jiska fen ane pwochèn nan, epi, nou pral an mezi pou n fè tranzisyon an mache pwogresivman, yon jan, yon mannyè ki garanti ke fòs sekirite afgan yo vin gen kapasite pou yo satisfè bezwen pwòp peyi yo nan domèn sekirite a.

Andre de Nesnera: Kidonk, nan moman n ap pale la a, ou deja pran desizyon w konsènan sitiyasyon an sou teren an. Ki rezonnman ou te fè pou w debouche sou desizyon sa a?

Prezidan Obama: Ebyen, ou konnen, se rezilta yon seri de diskisyon avèk jeneral Petraeus e ak kòmandan ki sou teren an; se konsa tou, nou te pran an konsiderasyon kontak nou te genyen avèk gouvènman afgan an. Youn nan prensipal pwoblèm ki poze la a, se pou n garanti ke nou kenbe ekilib ki nesesè a, se fè pèp afgan an konnen nou ta renmen wè yon Afganistan ki souvren, ki gen sekirite.

Nou rekonèt ke plis Afgan yo pran responsablite pou peyi yo, se plis tou sa va bon pou tout moun. Men tou nou dwe gen asirans ke nou pa konfonn vitès ak presipitasyon --yon bagay ki ta ka debouche sou yon sitiyasyon kote Afgan yo vin santi yo depase yon fwa ankò.

Donk, mwen panse kantite militè nou vle wete a se bon kantite a : li an ankò avèk tranzisyon pwogresif nou mete sou pye a e ki pèmèt nou kontinye travay an « parnership » avèk Afgan yo. Men, fòk ou pa bliye ke jounen jodiya deja, genyen Afgan laba a k ap mennen batay la, k ap mouri nan non peyi yo, pou yo defann libète ak diyite yo. Sa nou vle garanti, sè ke nou kontinye rete yon bon patnè nan pwosesis la. Men, an menm tan, nou vle voye yon siyal bay pèp afgan an pou n di li : Afganistan se peyi ou; e, a la fen dè fen, responsablite peyi a pral tonbe nan men ou.

Si ou vle tande vèsyon odyo ekstrè sa yo avèk Ronald César e Lyonel Desmaratte, klike sou ikon ki anwo e adwat atik la

XS
SM
MD
LG