Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Lavwadlamerik ak Mèt Yvon Janvier


Mèt Yvon Janvier
Mèt Yvon Janvier

Yvon Janvier trouve l nan Washington depi mwa Me 2016 kote lap patisipe nan pwogram echanj Humphrey Felloship la, yon pwogram Depatman Deta finanse.

Yvon Janvier se yon avoka dwazimen e direktè lekòl EFACAP (Ecole Fondamentale d’application et Centre d’appui Pédagogique) nan Marfranc pa trò lwen ak Jérémie kote Yvon abite. Lap pase anviwon yon ane nan pwogram sa a.

Li di Lavwadlamerik pwogram Humphrey Felloship la vize ankouraje profesyonèl lòt peyi pou yo vin fè echanj Ozetazini kote yap pran plis konpetans. Li eksplike kijan yo te chwazi li pou l patisipe nan pwogram nan e li bay lòt detay sou pwogram Humphrey a.

Klike sou lyen ki anba atik sa a pou ou koute entèvyou Yvon bay Lavwadlamerik la.

Entèvyou Lavwadlamerik ak Mèt Yvon Janvier sou Patisipasyon li nan Pwogram Echanj Humphrey Fellowship la nan Washington, DC
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:30 0:00

XS
SM
MD
LG