Accessibility links

Breaking News

Entalasyon Premye Minis Garry Conille ak Manm Nouvo Kabinè Ministeryèl la


Yè mèkredi 19 oktòb 2011 la, Prezidan Michel Martelly enstale Premye Minis Garry Conille an prezans, antwòt, Premye Minis sòtan an Jean Max Bellerive. Seremoni an te dewoule nan Primature la.

Nan diskou Misye Martelly ak Misye Conille fè nan okazyon an, yo raple prensipal pwen ki sou pwogram nouvo gouvènman an genyen pou peyi a. Menm jan ak Prezidan Martelly, nouvo minis enteryè a, Tyerry Mayar-Paul, pale pou l di kreyasyon yon fòs pou ranplase Lame Dayiti pral tounen yon rayalite a pati dat 18 novanm pwochen.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild Francois Junior.

XS
SM
MD
LG