Accessibility links

Breaking News

Ensekirite: Festival Entènasyonal Djaz Pòtoprens la Ranvwaye Endefiniman


Pòtoprens: Fanatik Mizik yo Deplase an Foul pou Vin Asiste Festival Jazz la
Pòtoprens: Fanatik Mizik yo Deplase an Foul pou Vin Asiste Festival Jazz la

Oganizatè evènman an te anonse dimanch ke Festival entènasyonal djaz Pòtoprens lan ki te pwograme tradisyonèlman pou fen mwa janvye a, ranvwaye endefiniman akòz gwo pwoblèm ensekirite nan kapital peyi a.

Milena Sandler ki se direktè Fondasyon Haiti Jazz ki òganize festival late di AFP, "Nou pap ka pran risk sa, pa sèlman pou 150 mizisyen nou yo, men tou pou piblik la."

Responsab festival Papjazz la ki gen wòl pou rasanble mizisyen ki soti nan 15 peyi chak ane deklare "menm moralman, nou te panse li tap difisil pou gen yon evènman fèstivite nan kontèks nou ye la a".

Avek kontwòl gang yo sou kapital la, sa anpeche peyi a fonksyone jan li ta dwe fonksyone .

Milena Sandler, ki rete motive e espere ke edisyon Papjazz la pral dewoule an 2022 te di "Si sitiyasyon an nan peyi a pa pèmèt fòma nòmal la, nou ka toujou fè yon konsè".

Depi fondasyon li, se sèlman edisyon 2010 Papjazz la ki te anile akòz tranblemanntè 12 janvye a.

XS
SM
MD
LG