Nan peyi d’Ayiti, nan jou ki sot pase yo opozisyon an mete sou pye yon seri manifestasyon atravè peyi a pou mande demisyon prezidan René Préval e pou pwoteste kont lwa dijans la . Nan moman Koup Dimond lan ap dewoule an’Afrik di Sid, kesyon ap poze pou mande eske evennman spòtif enpotans sa a pa pral dekouraje popilasyon ayisyèn nan --- sitou fanatik balon won yo --- pou yo pa kontinye patisipe nan manifestasyon sa yo. Se youn nan kesyon nou poze premyè senatè Nodwès-la, Mélius Hyppolite.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou koute opinyon premye senatè Nòdwès peyi Dayiti, Mélius Hyppolite.