Accessibility links

Breaking News

Kantite Ka Enfeksyon Kowonaviris Yo Kontinye Ogmante Ozetazini


Pwofesyonèl lasante nan Eta Tegzas okipe anpil akoz, kòm nan anpi lòt eta ameriken, yon gwo ogmantasyon yo anrejistre chak jou nan kantite nouvo ka enfeksyon kowonaviris yo.
Pwofesyonèl lasante nan Eta Tegzas okipe anpil akoz, kòm nan anpi lòt eta ameriken, yon gwo ogmantasyon yo anrejistre chak jou nan kantite nouvo ka enfeksyon kowonaviris yo.

Pandemi kowonaviris la kontinye monte apik nan plizyè rejyon atravè lemond. Jounen jodi a gen plis pase 12 milyon 200 mil ka enfeksyon sou planèt la, dapre enfòmasyon ki sòti nan Inivèsite Johns Hopkins ki di maladi a touye plis pase 500 mil moun Ozetazini. Dapre menm sous la, Lèzetazini okipe premye plas la nan lemond pou kantite ka enfeksyon yo avèk 3 milyon 200 mil ka, tandiske plis pase 134 mil moun mouri nan peyi a.

Nan yon jounen kote Lezetazini anrejistre yon kantite rekò 66 mil 528 ka enfeksyon, swa samdi 11 jiyè 2020 an, moun te ka wè Prezidan Donald Trump pou la premyè fwa avèk yon mask nan figi li pandan yon vizit nan Sant Medikal Walter Reed la tou prè vil Washington. Li deklare:

“Lè ou nan yon lopital espesyalman, mwen panse se yon bon bagay pou w mete yon kachne.”

Nan le pase Misye Trump te pase jounalis yo avèk lòt moun nan betiz poutèt yo te mete yon mask nan figi yo, yon pratik ki ede anpil peyi redui kantite ka enfeksyon kowonaviris yo ak kantite ka lanmò yo.

Eta Kawolin di Sid rapòte plis pase 2 mil 200 nouvo ka enfeksyon pou jounen samdi a, tandiske Eta Lwizyàn te rapòte plis pase 2 mil 600 nouvo ka pou vandredi. Pandansetan, Peyi Meksik anrejistre plis pase 6 mil nouvo ka enfeksyon samdi; Larisi, li menm, te anresjitre plis pase 6 mil nouvo ka nan menm jou a. Plis pase 60 mèrin ameriken ki baze sou yon baz militè Lèzetazini genyen sou zile Okinawa, o Japon, trape viris la. Pou jounen dimanch la Japon fè konnen otorite lasante yo anrejistre 206 nouvo ka nan kapital la, Tokyo. An fèt kantite nouvo ka enfeksyon yo anrejistre nan vil sa a pandan 4 jou ki pase yo depase 200 chak jou.

XS
SM
MD
LG