Accessibility links

Breaking News

Endonezi Ap Fè Fas ak 2 Dezas Natirèl


Endonezi Ap Fè Fas ak 2 Dezas Natirèl
Endonezi Ap Fè Fas ak 2 Dezas Natirèl

Daprè nouvèl ki soti nan Endonezi, Prezidan Susilo Bambang Yudhoyono –ki t ap asiste yon konferans entènasyonal nan vil Vyén, ann Otrich-- ap prese antre nan peyi li pou l kapab sipèvize efò k ap fèt aprè 2 dezas frape peyi a, kote plis pase 170 moun mouri e plizyè santèn lot disparèt.

Ekip sekouris yo --k ap sèvi ak avyon e ak elikoptè-- rive pou la premye fwa mèkredi 27 oktòb 2010 la sou zile Mentawai, ki byen lwen ak kapital la, Dyakarta, e kote kèk vilaj ankè disparèt totalman aprè yon sounami ta pase avan lendi 25 oktòb 2010 la.

Dlo a te monte rive jiska 3 mèt de wotè aprè yon gwo konkenn tranblemanntè.

Yon lòt kote, nouvèl yo di sou zile Java, ki nan sant peyi a, 29 moun antere anba sann dife oubyen yo mouri apre yo te respire move gaz --sann-dife ak gaz ki sòti nan yon vòlkan ki antre an eripsyon madi 27 oktòb 2010 la.

XS
SM
MD
LG