Jounen 4 jiyè a 2018 la se yon jou ferye Ozetazni. Se petèt fèt nasyonal ki pi popilè sou kalandriye a pou peyi a e se san dout se jounen kote sitwayen ameriken yo manifeste plis santiman patriyotik yo... Poukisa? Se jou ki raple pwoklamasyon endepandans peyi yo; ane sa a y ap make 242èm anivèsè endepandans nasyonal yo.
Vrèmanvre, se yon 4 jiyè, nan lane 1776, reprezantan 13 premye Eta ki te fòme peyi ki ta pral rele Lèzetazini d’Amerik la, te pran dispozisyon pou yo koupe kòd relasyon koloni-metwopòl yo avèk la Grann Bretay epi pwoklame nesans yon nasyon tou nèf. An fèt, si yo te pran dispozisyon pou yo poze aksyon sa a jou 4 jiyè a, pè fondatè ameriken yo te pran desiyon an deja 2 jou oparavan, swa le 2 jiyè 1776; kiidonk 4 jiyè a se sèlman apwouve dèzòm tankou George Washington, Thomas Jefferson, John Adams, Benjamin Franklyn, elatriye, te apwouve Deklarasyon Endepandans la…
Istwa dè Zetazini di nou anpil lidè jèn nasyon an nan fen 18 syèk la (pami yo nou jwenn Prezidan John Adams) te fè yon pledwaye manch-long pou yo selebre anivèsè deklarasyon endepandans la nan dat 2 jiyè a; men kèk kwonikè nan epòk la ekri pou yo di te tèlman gen kopi deklarasyon endepandans la yo te pibliye nan dat 4 jiyè a, majorite otorite responsab yo te vin deside se 4 jiyè pou yo kenbe kòm dat de nesans Lèzetazini, kidonk dat anivèsè pwoklamasyon endepandans la.
Yon kopi orijinal dokiman enpòtan sa a rete ekspoze an pèmanans nan lokal Achiv Nasyonal la an fas Kongrè ameriken an, kote nou jwenn tou kopi orijinal Konstitisyon Amerikèn nan avòk original yon 3èm dokiman anpòtan ki rele an anglè "The Bills Of Rights", oubyen Dekrè sou Dwa Sitwayen yo, ki se rezime dwa ti Eta yo te reklame nan men gouvènman federal la ak gwo Eta yo --dwa ki pat prezan nan konstitisyon an.
Selebrasyon fèt 4 jiyè a toujou gen ladan n, antwòt, yon lekti Ak Endepandans Lèzetazini an devan lokal Achiv Nasyonal la. Nan tan modèn nan, ameriken yo pap selebre anivèsè deklarasyon endepandans peyi yo san yo pa mete sou pye aktivite tankou parad patriyotik, gwo konsè mizikal, diskou politik avèk fedatifis.