Accessibility links

Breaking News

Kolonbi: 6 Otaj Gwoup Rebèl Lame Liberasyon Nasyonal la (ELN) te Kidnape Jwenn Liberasyon yo

Rebels of the National Liberation Army hold a banner in the northwestern jungles in Colombia, Aug. 30, 2017.
Rebels of the National Liberation Army hold a banner in the northwestern jungles in Colombia, Aug. 30, 2017.

Nan Kolonbi, dènye gwoup rebèl ki rete nan peyi a, Lame Liberasyon Nasyonal la (ELN), libere 6 moun li te pran ann otaj mwa pase a. Pami otaj sa yo genyen 3 ajan-d-polis, yon solda ak 2 pwofesyonèl sivil ki travay sou kontra. Yo jwenn liberasyon yo jodi jedi a nan Pwovens Choco, nan pati lwès peyi a, e ELN remèt yo bay dirijan yon misyon byenfezans ki gen ladan n manm Lakwa Wouj Entènasyonal.

Prezidan kolonbyen an Ivan Duque sispann negosyasyon lapè gouvènman an t ap fè avèk ELN yon ti tan apre li te monte sou pouvwa a mwa pase a, e li egzije pou gwoup la mete fen nan tout aktivite kriminèl li yo -pami yo gen kidnaping- epi libere tout otaj ki anba men li yo.

Sou foto sa a moun ka wè yon reprezantan Lakwa Wouj Entènasyonal ki t ap pale ak sis (6) otaj yo aprè rebèl Lame Liberasyon Nasyonal la (ELN) te libere yo nan Pwovens Choco, nan pati lwès Kolonbi, nan dat 12 septanm 2018 la.

Misye Duque pran angajman pou l re-ekri akò lapè gouvènman predesesè li a, Juan Manuel Santos, te negosye avèk gwoup rebèl FARC (Fòzame Revolisyonè Kolomnbi) e ki te mete fen nan yon gè sivil ki te la depi 50 tan. ELN, ki genyen mil 500 manm, refize siyen akò sa a.

XS
SM
MD
LG