Accessibility links

Breaking News

Depite Nwa-Ameriken Elijah Cummings, yon Demokrat Eta Maryland, Mouri. Li te Genyen 68 Lane


Elijah Cummings (D-MD), prezidan Komisyon Sipèvizyon ak Refòm Gouvènmantal nan Chanm Bas Kongrè Lèzetazini an. (Foto: Achiv).
Elijah Cummings (D-MD), prezidan Komisyon Sipèvizyon ak Refòm Gouvènmantal nan Chanm Bas Kongrè Lèzetazini an. (Foto: Achiv).

Depite ameriken Elijah Cummings, yon pèsonalite-kle nan ankèt ki sou pye nan Chanm Reprezantan an --ankòt ki ka deouhe sou jijman Prezidan Donald Trump ak posiblite pou Kongrè a revoke li-- ebyen, Depite Cummings mouri nan douvanjou jounen jedi 17 òktob 2019 la. Li te gen 68 an, puiske li te pran nesans nan dat 18 janvye 1951.

Biwo depite a nan Kongrè ameriken an pibliye yon deklarasyon ki fè konnen:

“Palmantè demokrat la mouri akoz konplikasyon ki gen rapò ak yon seri pwoblèm sante li t ap konfwonte depi lontan.”

Elijah Cummings se yon natif-natal vil Baltimore, nan Eta Maryland. Li te sèvi kòm prezidan Komisyon Sipèvizyon ak Refòm Gouvènmantal nan Chanm Reprezantan an. Sete yon gran oratè ki te konn defann popilasyon pòv k ap viv nan sikonskripsyon li a kote majorite abitan yo se moun nwa.

Depite Elijah Cummings (D-Maryland).
Depite Elijah Cummings (D-Maryland).

Depite Cummings te pibliye yon atik nan jounal The Baltimore Sun nan fen mwa septanm 2019 la kote li te deklare li t ap refè aprè yon operasyon e li te plan pou l prezan nan Washington lè Kongrè a ta va reyini ankò nan kòmansman semèn sa a.

Prezidan Donald Trump te kritike rejyon Baltimore la, swa sikonskripsyon Depite Cummings reprezante nan Chanm Bas Kongrè, lè lidè ameriken an te di li konsidere zòn sa a kòm yon kote ki chaje ak rat, yon vil kote okenn kretyen vivan pa ta dwe abite.

XS
SM
MD
LG