Accessibility links

Breaking News

Elektè Ejipsyen ap Vote pou Yon 2èm Jou Pou yo Chwazi Manm Palman an


Fadila Mohammed yon granmoun 90 lane kap montre dwèt li apre li finn poze vòt li nan Cairo, madi 29 novanm 2011 la (AP)
Fadila Mohammed yon granmoun 90 lane kap montre dwèt li apre li finn poze vòt li nan Cairo, madi 29 novanm 2011 la (AP)

Nan peyi Lejip, premye eleksyon palmantè k ap dewoule depi ranvèsman gouvènman prezidan Hosni Moubarak la nan mwa fevriye pase a, ap kontinye madi 29 novanm 2011 la, aprè obsèvatè ki sou plas fè konnen yo konstate yon gwo patisipasyon popilè nan vòt la epi jiskaprezan tout bagay pase nan lapè.

Plizyè milye jij ejipsyen prezan nan biwodvòt yo pou yo kontwole dewoulman operasyon elektoral la. Nan Aleksandri, tankou nan tout gwo vil peyi a e menm nan pwovens yo, se pa bann e pa pakèt elektè yo sòti pou y al jete bilten. Youn nan yo, ki rele Doktè Ayman, bay Lavwadlamerik opinyon pèsonèl li sou eksperyans sa a.

Doktè Ayman di:

“Mwen panse se yon bon ekspesyans pou tout ejipsyen pou yo genyen yon bon jan eleksyon ; pou chak sitwayen ki merite sa, genyen yon vwa o chapit, epi pou nou kòmanse yon veritab peryòd demokratik.”

Anbasadris amerikèn nan nan Lekèr, Anne Patterson, pale lendi pou l fè pèp ejipsyen an konpliman pou eleksyon sa yo e pou gwo kantite elektè ki sòti al vote, tandiske nan Washington Depatman Deta a di premye rapò li resewva sou dewoulman eleksyon an bay operasyon sa a yon nòt pozitif.

XS
SM
MD
LG