Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Mi-Manda Ozetazini - Demokrat yo Kriye Viktwa nan 2 Eta sou 3

Elektè nan Eta Vijini kote Demokrat yo pran kontwòl asanble lejislatif la pou lapremyè fwa nan 25 kan.
Elektè nan Eta Vijini kote Demokrat yo pran kontwòl asanble lejislatif la pou lapremyè fwa nan 25 kan.

Ozetazini, jan sitwayen yo vote nan 2 zou 3 eleksyon mi-manda ki dewoule madi 5 novanm 2019 la bay rezilta mi-fig, mi-rezen pou Prezidan Donald Trump. Alye repibliken li yo ranpòte yon kous pou plas gouvènè nan Eta Mississippi alòske yo dèyè nan yon vòt ki fèt nan Eta Kentucky; sepandan yo pèdi kontwòl politik la nan 2 chanm asanble lejislatif Eta Vijini a ki ale jwenn Demokrat yo pou la premyè fwa nan 25 kan.

Pa pi ta ke nan fen semèn pase a, prezidan Trump te mennen kanpay pou vis-gouvènè Eta Mississippi a, Tate Reeves, ki se yon gwo patizan li, anvan misye Reves te ranpòte laviktwa sou minis jistis Eta a, demokrat Jim Hood.

Kandida demokrat pou plas gouvènè Eta Kentucky, minis jistis Andy Beshear, ki t ap pale ak laprès nan yon konferans pou laprès nan Sant Muhammad Ali nan vil Louisville, Eta Kentucky, madi 5 novanm 2019 la.

Sepandan, yon lòt gwo sipòtè Misye Trump, gouvènè Eta Kentucky a, Matt Bevin, twouve li dèyè kandida demokrat Andy Beshear ki, li menm tou, se minis jistis Eta li a, avèk yon ti maj tou piti menm si prezidan an te mennen kanpay pou Misye Bevin nan yon meeting de mas ki te dewoule yon jou anvan eleksyon an.

XS
SM
MD
LG