Accessibility links

Breaking News

Divès Otorite Ameriken Denonse "Efò Larisi ap Fè pou L Enfliyanse Eleksyon Mi-Manda yo"


De goch a dwat: Sekretè Laprès Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, Konseye Sekirite Nasyonal la, John Bolton, Direktè FBI la, Christopher Wray, Direktè Ajans Ransèyman Nasyonal la, Dan Coats, ak Direktè Ajans Sekirite Nasyonal la, Jen. Paul Nakasone, ki t ap koute yon kesyon pandan konferans pou laprès ki dewoule chak jou nan palè nasyonal Etazini an.
De goch a dwat: Sekretè Laprès Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, Konseye Sekirite Nasyonal la, John Bolton, Direktè FBI la, Christopher Wray, Direktè Ajans Ransèyman Nasyonal la, Dan Coats, ak Direktè Ajans Sekirite Nasyonal la, Jen. Paul Nakasone, ki t ap koute yon kesyon pandan konferans pou laprès ki dewoule chak jou nan palè nasyonal Etazini an.

Nan Washington, nan yon demonstrasyon solidarite moun pa wè souvan, divès otorite wo-plase nan administrasyon Trump la te pran lapawòl an piblik, jedi 2 daout 2018 la, pou yo montre kijan yon gen preokipasyon devan efò peyi etranje ap fè pou yo mele nan eleksyon palmantè mi-manda ki pral dewoule Ozetazini nan mwa novanm 2018 la.

Gwo zotobre ameriken sa yo te pran lapawòl devan laprès pou yo bay presizyon sou sa biwo federal y ap dirije a deside fè sou tantativ kèk peyi ennmi ap fè pou yo enfliyanse pwochen eleksyon mi manda yo. (Yo rele eleksyon sa yo "eleksyon mi-manda" paske y ap dewoule nan moman prezidan ameriken an rive nan mwatye manda 4 tran li gen pou l pase sou pouvwa a). Otorite sa yo se Konseye Sekirite Nasyonal la, John Bolton, Direktè FBI la, Christopher Wray, Direktè Ajans Nasyonal Ransèyman an, Dan Coats, Minis Sekirite Enteryè a, Kirstjen Nielsen, ak Direktè Ajans Sekirite Nasyonal la, Jeneral Paul Nakasone.

Dan Coats, Directè Ajans Nasyonal Ransèyman an (Foto Achiv).
Dan Coats, Directè Ajans Nasyonal Ransèyman an (Foto Achiv).

Nan konferans pou laprès sa a ki te dewoule nan La Mezon Blanch, Dan Coats pat ezite lonje dwèt sou peyi Larisi. Misye Coast deklare:

<< Pou sa k konsènen enplikasyon Larisi nan eleksyon mi-manda yo, nou kontinye konstate yon kanpay san-pran-souf ris-yo lanse pou yo febli e divize Lèzetazini. >>

Aprè Misye Coats, 4 lòt otorite yo te pran lapawòl nan menm sans la anvan yo te reponn kesyon jounalis yo sou dosye a. Yo tout pale pou yo kore pozisyon Misye Coats la, sètadi yo ensiste sou efò Larisi ap fè pou l enfliyanse rezilta eleksyon palmantè novanm pwochen an.

John Bolton, Konseye Sekirite Nasyonal. (Foto Achiv).
John Bolton, Konseye Sekirite Nasyonal. (Foto Achiv).

Daprè analis Eleine Kamark, k ap travay nan oganizasyon Brookings Institution, objektif efò Larisi ap deplwaye yo se fè sitwayen ameriken yo pèdi konfyans nan enstitisyon piblik yo. Madam Kamark di :

<< Se yon bagay ki grav anpil anpil. E objektif la se pou yo detwi konfyans piblik la nan sistèm elektoral nou an. Natirèlman fason Larisi foure bouch li nan eleksyon lòt peyi se bay yon kandida fo enfòmasyon (e pafwa enfòmasyon ridikil) ki kapab avili yon lòt kandida. >>

Depi kèk mwa deja pwokirè espesyal Robert Mueller ap mennen ankèt pou l dekouvri degre entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini epi chache konnen si responsab kanpay elektoral Trump la te antann yo ak Moskou pou yo ede otorite ris yo reyisi nan efò sa a.

XS
SM
MD
LG