Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Divizyon Kontinye sou Fason pou Rezoud Kriz la


Prezidan Jovenel Moise rejte vwa k ap leve nan divès sektè pou pwopoze yon tranzisyon kòm yon mwayen pou wete peyi a nan enpas la. Kèk dirijan nan sosyete sivil la ak sektè demokratik la pale nan jou ki pase yo pou yo repete apui yo pou fòmil tranzisyon an.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki t ap pale ak pèp la nan okazyon Fèt Drapo ak Inivèsite a nan jounen madi 18 me 2021 an, lanse yon apèl bay opozisyon an pou l mande l aksepte chita ak gouvènman an pou yo chache jwenn ansanm yon solisyon pou kriz politik peyi a ap konfwonte depi lontan deja a. Nan menm apèl la, Misye Moise rejte vwa k ap leve nan divès sektè pou pwopoze yon tranzisyon kòm yon mwayen pou wete peyi a nan enpas la. Lidè ayisyen an deklare:

“Tranzisyon separe Leta an miyèt moso epi chak moun kenbe yon moso Leta nan pòch yo. Mezanmi, nou pa p ka kontinye ap fè l konsa. Mwen mande tout aktè yo fè yon jèfò pou nou mete peyi a sou ray estabilite; an nou chita pou n ale.”

Nan menm jounen 18 me a, Sou Sekretè Deta Adjwen Pwovizwa Lezetazini an, Julie Chung, prezante yon mesaj sou angajman elektoral Lèzetazini ann Ayiti kote diplomat wo-plase a di administrasyon Biden nan pa kwè yon tanzisyon se yon bon solisyon pou Ayiti, e li poze anpil kesyon sou yon chwa konsa pou rezoud kriz la. Menm si yon tranzisyon an se yon fòmil ki tante anpil moun nan anpil sektè, Madam Chung poze divès kesyon kote l mande, pa egzanp, "ki moun ki pral fè pati gouvènman sa a? Kouman yo pral chwazi moun sa yo? E ki moun, ki enstitisyon ki pral responsab pou fè otorite sa yo rann kont pou jesyon yo? Ki lwa ki ta defini manda yo? Èske yon gouvènman tranzisyon ka anpeche plis dezòd nan peyi a? Èske yon tranzisyon pral fè respekte dat ki sou kalandriye elektoral la pou eleksyon yo dewoule regilyèman?" E pou Madam Chung fini chapit sa a, li di: “Sa se yon eksperyans nou fè deja”, kòmkwa Ayiti pase sou wout tranzisyon an deja e sa pa t bay bon rezilta.

Julie J. Chung, Prensipal Asistan Sekretè Deta Adjwen, Biwo Afè Emisfè Oksidantal. (Foto: Koutwazi Depatman Deta Ameriken.
Julie J. Chung, Prensipal Asistan Sekretè Deta Adjwen, Biwo Afè Emisfè Oksidantal. (Foto: Koutwazi Depatman Deta Ameriken.

Pi lwen, diplomat wo-plase ameriken an fè konnen “sa fè lontan depi Lèzetazini ap tann eleksyon lejislatif yo ki te dwe dewoule an 2019." Konsekans reta sa a genyen, dapre li, se “yon pouvwa egzekitif ki pa gen okenn kontwòl sou li depi janvye 2020, etandone chanm depite a pa egziste ankò e pa gen ase senatè pou bay kowòm ki nesesè pou seyans yo dewoule. Pa gen separasyon ant divès pouvwa yo e pa genyen non plis okenn mwayen pou yon branch gouvènman an fè yon lòt branch rann kont pou jesyon li."

Marjorie Michel, manm regwoupman politik Sektè Demokratik e Popilè, ki t ap abòde kesyon referendum nan kòm manm yon panèl refleksyon ak diskisyon sou kriz politik la nan jounen jedi 20 janvye a, rejte, menm jan ak lot manm panèl la (tankou ansyen Senatè Nènèl Cassy), nosyon referendum Prezidan Jovenel Moise ak lòt manm gouvènman an ap pwone depi kèk mwa deja a. Madam Michel fè deklarasyon sa a:

“Lè w gade pou wè yon moun, 5 moun, yon ti gwoup moun deside chanje konstitisyon an, ekri yon konstitisyon pou tout yon pèp -malgre nou di yo non- ipokrizi kominote entènasyonal la, double jeu kominote entènayonal la konfòte yo e y ap avanse ladan l. Se kòm si yo te di tout moun nan peyi a mèt mouri, depi Jovenel Moise rive mete konstitisyon l kanpe, sa pa gade pyès moun. Nou menm nan sektè demokratik la, nou di non; jamè sa pa p fèt. Nou pa p kite Jovenel ipoteke peyi a atravè yon referendum kote l pral prepare l pou l amnistye tèt li, pou l amnistye tout moun ki fè tout kalite krim: krim finansye, krim de san nan peyi d Ayiti.”

Pierre Espérance, prezidan-fondatè gwoup defans dwamoun Rezo Nasyonal pou Defans Dwamoun (Réseau National de la Défense des Droits Humains, RNDDH) ale pi lwen nan pozisyon li pran pou l rejte ni rererandum nan, ni eleksyon ki ta fèt avèk sa li rele “rejim PHTK a” ke Misye Moise reprezante nan tèt pouvwa egzekitif la. Men kijan dirijan RNDDH la devlope opinyon li:

“Nou mande popilasyon an leve kanpe, kanpe goumen, goumen pasifikman, pou retire rejim sa a, pou nou ale nan yon tranzisyon ki pou pemèt ke peyi a remete enstitisyon yo sou ray. Nou pa ka ale nan yon referendum enkonstitisyonèl avèk PHTK; nou pa ka ale nan eleksyon avèk PHTK… Se pou popilasyon an kanpe epi pou n ale nan yon tranzisyon...”

Annatandan pa gen siyn ki ta montre otorite an plas yo ap fè bak ak dosye referendum nan ki fikse pou 27 jen 2021 an. Pandansetan tou, komisyon ki la pou travay sou chanjman manman lwa peyi a ap avanse ak preparasyon k ap fèt pou ranplase konstitisyon 1987 la, malgre pwotestasyon ki deja dewoule e ki kontinye dewoule kont pwojè sa a ni ann Ayiti, ni aletranje.

XS
SM
MD
LG