Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Nan Bimani Nan Sant Somè Vyetnam Nan


Eleksyon Nan Bimani Nan Sant Somè Vyetnam Nan
Eleksyon Nan Bimani Nan Sant Somè Vyetnam Nan

Lidè peyi azi sidès k ap patisipe nan somè Vyetnam nan gen pou rankontre ak sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki Moon, vandredi 29 oktòb 2010 la pou diskite sou eleksyon ki gen pou dewoule anvan lontan nan Bimani.

Anvan yo rankontre ak chèf organizasyon mondyal la, lidè sa yo pral fè kèk chita-pale bilateral separe ak chèf deta Japon ak Kore di Sid.

Lidè Lachinn nan ak 10 manm organizasyon Azisidès la pral fè yon rankont bilateral tou kote yo pral siyen kèk akò ekonomik.

Avan li te pran direksyon kapital Vyetnam nan, Hanoi, mesye Ban di ajans nouvèl Associated Press ke eleksyon Bimani an pa pral genyen okenn kredibilite amwenske rejim militè Rangoo nan libere tout prizonye politik.

XS
SM
MD
LG