Accessibility links

Breaking News

Eleksyon 20 Mas 2011 la Bout Atravè Peyi Dayiti.

Yon gwoup elektè ayisyen ak yon sòlda mentyen lapè brezilyen, k ap diskite nan moman moun kanpe an liy ap tann tou yo pou yo ale vote nan 2zyèm tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif dimanch 20 mas la, nan Port-au-Prince, Haiti (AP Photo/Ramon Espinosa)

Angwo, vòt la byen dewoule--ak mwens pwoblèm iregilarite obsèvatè ak elektè yo te konstate nan premye tou a. Men jounalis yo relve e konstate plizyè ensidan.

Depouyman bilten vòt yo kòmanse ann ayiti apre biwovòt yo fèmen depi 22 zè gmt atravè tèritwa ayisyen an.

Sepandan, byenke genyen mwens iregilarite ak mwens dezòd nan dezyèm eleksyon jeneral yo dimanch 20 mas la ke nan premye tou 28 novanm 2010 la, gen divès ensidan ki te make jounen eleksyon an nan plizyè depatman kote pou pipiti yon moun pèdi lavi li, plizyè lòt blese anba ba l e lapolis fè kèk arestasyon, dapre yon bilan pwovizwa jounalis radyo lokal yo rapòte.

Fè yon klik sou ikòn mp3 ki anwo e adwat paj wòb la pou yon lidè sou vòt istorik dimanch 20 mas la, korespondan nou galilée perilus ap kòmanse virewon nan divès depatman jeografik peyi dayiti sou jounen elektoral la.

XS
SM
MD
LG