Mirlande Manigat, kandida RDNP (Rasanbleman Demokrat Nasyono-Pwogresis) vini nan premye pozisyonnan eleksyon prezidansyèl 28 novanm 2010 la, dapre rezilta final Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pibliye byen bonè jedi 3 fevriye 2011 la.
Nan 2èm pozisyon nou jwenn Michel Martelly, kandida Pati Repons Peyizan. Sa vle di di, se 2 kandida sa yo ki pral patispe nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl la, e kandida pati ki sou pouvwa a (INITE), Jude Célestin, elimine nan kous la.