Accessibility links

Breaking News

Yon Eksplozyon Nan Irak Kite 7 Moun Mouri ak Plizyè Dizèn Lòt Blese


Yon Eksplozyon Nan Irak Kite 7 Moun Mouri ak Plizyè Dizèn Lòt Blese
Yon Eksplozyon Nan Irak Kite 7 Moun Mouri ak Plizyè Dizèn Lòt Blese

Ann Irak, lapolis fè konnen 2 bonm eksploze byen bonè lendi 27 desanm nan e yo fè gwo dega nan yon edifis piblik nan vil Ramadi, ki nan pati lwès peyi a.

Bilan : 7 moun pou pi piti pèdi lavi yo e plizyè dizèn lòt blese. Se ti kras pa ti kras laprès ap jwenn detay sou ensidan an; otorite-yo fè konnen kantite mò yo byen kapab monte 17 omwens.

Daprè ajan lapolis ki ale sou plas, se 2 bonm ki ekzploze youn apre lòt ki koze dega yo ak viktim yo. Youn se eksplozyon yon machin pyeje, daprè kèk sous ; tandiske lòt la se travay yon kamikaz ki fè yon bonm sote sou li.

Otorite yo pale pou di pi fò viktim yo se polisye. Nan dat 12 desanm pase a, yon atak ak machin pyeje ki te fèt sou divès edifis piblik nan menm vil la (an palan de Ramadi ki sou yon distans 100 kilomèt a lwès Bagdad) te touye 13 moun e blese plis pase 20 lòt.

XS
SM
MD
LG