Accessibility links

Breaking News

L ONU Entèrese nan Konnen Plis Enfòmasyon sou Lanmò Jounalis Jamal Khashoggi


Anketè L ONU Agnes Callamard (agoch) kap rankontre ak Minis afè etranjè Tirki a,Mevlut Cavusoglu nan Ankara, Tirki. 28 janvye 2019.
Anketè L ONU Agnes Callamard (agoch) kap rankontre ak Minis afè etranjè Tirki a,Mevlut Cavusoglu nan Ankara, Tirki. 28 janvye 2019.

Minis afè etranjè peyi Tirki a rankontre lendi 28 janvye 2019 la ak ekspè l ONU sou lajistis kap mennen ankèt sou asasinay jounalis ki se moun Arabi Saoudit, Jamal Khashoggi, pandan Tirki ap mande yon ankèt entènasyonal.

Anketè espesyal l ONU Agnes Callamard ap nan Tirki jiska samdi pou yon seri rankont ak otorite, pami yo prensipal pwokirè tribinal la nan Istanboul.

Jounalis sawoudyen Jamal Khashoggi mouri asasinen 2 oktòb 2018 pase a nan konsila Arabi Sawoudit la nan vil Istanboul nan peyi Latiki. Magazin ameriken Time te nome Jounalis Jamal Khashoggi " Pèsonalite Ane 2018 la."

Magazin ameriken Time te pataje distenksyon sa a ant defen jounalis Khashoggi ak yon gwoup lòt jounalis. Nan gwoup travayè laprès sa a genyen journalis peyi Filipin Maria Ressa, 2 repòtè Bimani ki travay pou ajans nouvèl Reuters Wa Lone ak Kyaw Soe Oo, ki aktyèlman nan prizon.

XS
SM
MD
LG