Accessibility links

Breaking News

Ekriven, Powet, Dramatij Ayisyen Franck Etienne Fete 86 an


Franck Etienne (Photo: Franck Etienne / Franketienne Facebook)
Franck Etienne (Photo: Franck Etienne / Franketienne Facebook)

Madi 12 avril 2022 a te make 86èm anivèsè nesans yon gwo non nan kilti Peyi d Ayiti, sòti nan penti, pase nan literati, pou rive nan mizik, elatriye: N ap pale de Franck Etienne. Kreyatè, pratikan e vilgarizatè konsèp ekriti ki rele “Le Spiralisme”, li se yon ekriven, yon powèt, yon dramatij, yon atis-pent, yon mizisyen, yon militan, epi, anvan tout bagay, li se yon gwo entèlektyèl.

Nan repètwa teyatral li, kiyès ki ka bliye Pèlen Tèt: adaptasyon yon woman polonè, tit fransè “Les Exilés”, ki te domine sèn nan ann Ayiti ak nan dyaspora pandan pi fò ane 70 yo.

Si, nan epòk la, moun te konn di: “Yon Ayisyen ki respekte tèt li, dwe gen yon plak mizisyen/konpozitè/gitaris Amos Coulanges lakay li”, yo te konn di tou: “Yon ayisyen konsekan dwe gen yon plak Pèlen Tèt nan diskotèk pèsonèl li si l pa t asiste omwens yon reprezantasyon pyès la…” tèlman se yon travay ki touche e ki menm boulvèse nanm nasyonal pèp ayisyen an. Pyès la te kenbe afich la nan pi gwo sal teyat ayisyen an, Rex Théâtre, pandan plizyè mwa e pou plis pase 30 reprezantasyon

A kote pyès referans sa a, Franck Etienne ekri tou: Twou Foban, AdyaNouMeleZo, Bobo Masouri, elatriye; e, kòm yon atis konplè, li te patisipe nan anpil reprezantasyon pyès li yo ann Ayiti kou nan diaspora. Pou ansanm travay li, yo te pwopoze li kòm kandida pou Pri Nobel Literati an 2009; li te resevwa Lòd Lèza ak Lèt avèk tit Kòmandè, epi an 2010 li te jwenn nominasyon li kòm Atis Lapè UNESCO.

XS
SM
MD
LG