Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ekonomi: Pèspektiv Ekonomik Pozitif Pou Ane 2018 la


Foto lajan
Foto lajan

“Negosyasyon politik pou mizanplas nouvo gouvènman an, dyalòg avek lòt aktè yo kapab lakoz yon pèfòmans timid pou 2 trimès ki rete nan ane fiskal 2016-2017 la”, Ekonomis Pierre-Marie Boisson.

Ekonomis an chef Gwoup Sogebank la ann Ayiti, Pierre Marie Boisson, prevwa yon bon jan relans ekonomik nan peyi a apre prestasyon sèmanm prezidan eli a, Jovenel Moïse,

Stabilite enstitisyonèl nan leta a lejitimite gouvènman, yon palman okonplè, enstalasyon eli lokal ak kominal yo, yon Konsèy Elektoral Pèmanan, se prensipal faktè ki, dapre ekonomis la, pral favorize pespektiv pozitif sa yo.

“Gen 2 sektè kle nan kwasans nap tann nan: endistri tekstil la ak komès la”, se sa ekspè ann ekonomi an declare nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik kèk jou avan envestiti prezidan eli a. “Kreyasyon djòb nan sektè sa a kapab pase de 40 mil a 80 mil, avek posiblite pou l ta ekspòte pou 400 milyon dola.

Sepandan ekonomis lan presize li fè previzyon sa yo pou ane 2018. Pierre-Marie Boisson ajoute: “Negosiyasyon politik pou mizanplas gouvènman an, dyalòg avek lòt aktè yo kapab lakoz yon pèfòmans timid pou 2 trimès ki rete nan ane fiskal 2016-2017 la”

Lòt faktè ki ka jwe an favè nouvo gouvènman an se konfiyans yon stabilite politik pral kreye bò kote kominote entènasyonal la ak enstitisyon finansyè bilateral ak multilateral yo. Stabilite sa a pral endispansab pou nouvo gouvènman ki pap kapab konte twòp sou Fon Petro-Caribe a (lajan lavant petwòl l achte nan men Venezuela) pou finanse pwojè envestisman l yo.

Ekonomis an chef Gwoup Sogebank la evoke tout kèk gwo defi kap tann nouvo gouvènman an. Youn ladan yo se respè pwopriyete prive. Pierre-Marie Boisson fini pou di:“Otorite pral gen pou fè respekte pwopriyete moun pou l ka rebay tout envestisè konfyans, sitou envestisè prive etranje yo”, Pierre-Marie Boisson deklare.

Ekonomis Pierre-Marie Boisson nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:49 0:00

XS
SM
MD
LG