Accessibility links

Breaking News

Etazini-Ekonomi: Sena a Apwouve yon Plan Sovtaj 484 Milya Dola pou Ede Ti Biznis yo ak Lopital yo


2 lidè demokrat, Depite Nancy Pelosi (Prezidan Chanm Bas la) avèk Senatè Chuck Schumer (lidè minorite a) ki t ap rankontre laprès apre plan sovtaj 484 milya dola a te pase.
2 lidè demokrat, Depite Nancy Pelosi (Prezidan Chanm Bas la) avèk Senatè Chuck Schumer (lidè minorite a) ki t ap rankontre laprès apre plan sovtaj 484 milya dola a te pase.

Sena ameriken an apwouve yon plan sovtaj ekonomik adisyonèl 484 milya dola pou finanse ti biznis yo ak lopital yo nan kad dènye nan yon seri efò Kongrè a ap deplwaye pou l fè fas ak kriz ekonomik e kriz sante piblik istorik pandemi kowonaviris la pwovoke Ozetazini.

Prezidan Donald Trump pibliye sou kont Twitter li yon nòt kote li fè konpliman pou vòt pozitif sa a ki ajoute lajan sou pi gwo plan sovtaj ekonomik la nan tout istwa peyi a -swa yon plan Kongrè a te vote mwa pase a nan yon lwa ki ofri 2 trilyon dola (2 mil milya dola) pou sipòte pwogram asistans pou ti biznis yo ak lopital yo. Nan nòt sa a ke Misye Trump pibliye nan jounen madi 21 avril la, li deklare:

<< Mwen ankouraje Sena a ak Chanm Depite a pou yo apwouve lejislasyon sa a ki rele “Pwogram Pwoteksyon Chèk" ak "Aksyon pou Ranfòse Swen Sante a”. Fason pou yo fè sa se pou yo apwouve plis kòb pou materyèl pwoteksyon pèsonèl, pou lopital yo e pou ts yo. Lè m va fin siyen lejislasyon an, mwen va kòmanse diskisyon sou pwochen demach lejislatif k ap nesesè pou n ofri kontribyab yo yon soulajman.>>

Lidè minorite a nan Sena a, Steny Hoyer(D-Maryland) ki t ap pale ak laprès madi yon ti moman apre vòt la, fè konnen manm Chanm Depite a resevwa apèl pou yo retounen nan Washington jedi 23 avril la anvan 10 zè di maten pou yo apwouve lejislasyon an tou. Apre sa Prezidan Trump va kapab siyen li pou fè l tounen yon lwa imedyatman aplikab. Pi fò lajan an pral sèvi pou ede ti biznis ki pa t benefisye de yon premye plan sovtaj ekonomik. Daprè Senatè Hoyer fè toujou, sou 320 milya dola ki pral finanse Pwogram Pwoteksyon Chèk la, yon bon pati pral ede ti biznis ke fanm yo ak minorite yo posede, ansanm avèk moun ki pa gen aksè ak prè bankè yo.

Otorite ameriken yo ta renmen ede anplwaye yo konsève travay yo epi pèmèt biznis yo reprann aktivite yo yon fwa kliyan yo va kapab rekòmanse achte, rekòmanse depanse san pwoblèm pou sante yo. Daprè dènye chif ki parèt sou chomaj Ozetazini, 20 milyon ameriken pèdi travay yo pandan 4 semèn ki pase yo paske pandemi kowonaviris la oblije patwon yo fèmen pòt biznis yo.

XS
SM
MD
LG