Accessibility links

Breaking News

Etazini: To Chomaj la Fè yon Ti-Bese Pandan Ekonomi an Kontinye Ap Pran Jarèt


Yon restoran nan Miami ki mete yon ansèy devan pòt li pou l di l ap chache nouvo anplwaye.
Yon restoran nan Miami ki mete yon ansèy devan pòt li pou l di l ap chache nouvo anplwaye.

Ekonomi Etazini an kreye 235 mil djòb nan mwa Fevriye 2017 pase a, pandan to chomaj la pèdi yon dizyèm nan 1 pousan pou l desann nan 4,7 pousan.

Rapò vandredi 10 mas 2017 la ki soti nan Depatman Travay la fè konnen ekonomi peyi a vin pi solid pase sa pifò espesyalis nan domèn nan te prevwa. Dapre kèk ekspè, ekonomi an bezwen anviwon 100 mil djòb pa mwa epi anplwaye nouvo moun kap antre nan fòs travay la pou l kabap rive kanpe janm.

Nouvo djòb ki kreye yo, vini nan konstriksyon, edikasyon, manifakti, swen sante ak travay nan min. Sekretè laprès Mezon Blanch la, Sean Spicer, ekri sou kont Twitter li ke sa se “Bon jan nouvèl pou travayè ameriken yo.”

XS
SM
MD
LG