Lè w rive yon kote yo vann kafe nan vil Washington, kapital federal Lèzetazini, w ap wè anpil aktivite; men se pa nenpòt ki kafe moun ou wè y o ap achte: se yon kafe chè ki sòti nan peyi Etyopi. Daprè kliyan sa yo, rezon ki fè yo renmen kafe sa a, se paske li gen yon ti gou soup, yon ti gou delika.
Ahmed Mustafa gen 30 tan depi lap kiltive kafe nan rejyon Agaro, nan Etyopi. Li pale pou l di vant kafe se sèl fason moun ka fè kòb pou yo viv nan zòn nan. Misye Mustafa sèvi ak mwatye tè li posede pou l okipe 10 pitit ak pitit-pitit li genyen ; men fanmi an kòmanse gen kè-sote. Ane pase a, rekòlt la te bon ; men ane sa a bagay yo pa fin an fòm nèt pou Mustafa.
Prèske tout tè ki nan Agaro divize an divès ti pati ki sèvipou fè plantasyon kafe ; men se pa sèlman peyizan yo ki konte sou vant kafe. Lè yo fin ranmase danre yo, yo prepare yo, mete yo nan depo avan yo voye yo vann.
Pandan dè ane, lavant kafe etyopyen an te kwonfwonte gwo pwoblèm. Li pat fasil pou yon moun konnen konbyen kòb peyizan yo te fè ni ki lè yo tap jwenn kòb sa a -si jamè yo te resevwa lajan pou travay yo.
E achtè kafe yo pat an mezi konnen ki kote pwodui sa-a te sòti, yon enfòmasyon ki enpòtan anpil nan yon mond kote moun enterese konnen sous pwodui ki genyen bòn kalite yo.
An tou ka, nan Washington tankou nan anpil lòt vil Ozetazini, kafe etyopyen an tounen yon bwason anpil moun renmen bwè e se sous yon bèl istwa yo renmen rakonte.