Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Retounen sou Desizyon Li - L Ap Kite Ekip Jesyon Lit Kont Kowonaviris la nan Plas li


Ekip espesyal La Mezon Blanch fòme pou jere lit kont kowonaviris la. De goch a dwat: Doktè Anthony Fauci, direktè Enstiti Nasyonal Sante (NIH); Doktè Deborah Birx, kowòdonatris ekip espesyal la; Doktè Robert Redfield, direktè CDC, ak Chirijyen Jeneral la, Doktèl Jerome Adams.
Ekip espesyal La Mezon Blanch fòme pou jere lit kont kowonaviris la. De goch a dwat: Doktè Anthony Fauci, direktè Enstiti Nasyonal Sante (NIH); Doktè Deborah Birx, kowòdonatris ekip espesyal la; Doktè Robert Redfield, direktè CDC, ak Chirijyen Jeneral la, Doktèl Jerome Adams.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, chanje lide mekredi 6 me 2020 an kote li deklare li pral kite nan plas li pou yon tan endefini ekip espesyal (task force) La Mezon Blanch te fòme pou jeer dosye lit kont kowonaviris la Ozetazini; sepandan kounyela a ekip la pral fikse atansyon l sitou sou efò pou garanti sekirite sitwayen ameriken yo e pou reyalize plan reouvèti peyi a pou aktivite komesyal yo kapab rekòmanse.

Misye Trump ak Vis Prezidan Mike Pence -ki, limenm, ap jwe wèl prensipal lidè pwogram ki sou pye pou kontwole lit kont pandemi an- te anonse madi 5 me a misyon ekip la ta pral pran fen nan finisman mwa me a oubyen nan kòmansman mwa jenan; epi ekip la ta pral remèt mayèt la bay ajans ak ofisyèl federal yo. Sepandan, apre kèk pèsonalite te leve lavwa pou yo kritike dezisyon Prezidan Trump la, li fè parèt sou kont Twitter li yon lot anons kote li di:

“Ekip espesyal la pral kontinye yon fason endefini yon misyon kote li pral santre atansyon li sou SEKIRITE-avèk TRAVAY POU OUVRI EKONOMI NOU AN ANKÒ. Nou byen kapab ajoute moun oubyen wete moun nan fòmasyon ekip la selon jan sa apwopriye. Gwoup la pral konsantre efò l tou sou vaksen avèk teknik gerizon pou moun ki malad yo.”

Prezidan Trump te deklare tou, nan menm jounen madi 5me a, li lè, li tan pou nou relouvri ekonomi peyi nou an ki se pi gwo ekonomi ki egziste nan lemond; yon ekonomi ki plonje nan resesyon e ki pran anpil move kou avèk plis pase 30 milyon anplwaye ki pèdi djòb yo. Lidè ameriken an, ki pale konsa pandan li t ap vizite yon izin Honeywell International nan Eta Arizone kote yo fabrike plizyè milyon ekipman pou pwoteje travayè lasante -tankou mask, pa egzanp- fè konnen li lè, li tan pou akivite komesyal yo rekòmanse Ozetazini menmsi sa vle di ke plis moun toujou pral pèdi lavi yo.

XS
SM
MD
LG