Accessibility links

Breaking News

Ejipt: Prezidan Mubarak Pap Kite Pouvwa a anvan Manda l Fini


Prezidan ejipsyen an Hosni Mubarak 1er fevriye 2011
Prezidan ejipsyen an Hosni Mubarak 1er fevriye 2011

Nan peyi Lejipt, manifestan ki pan lari kontinye lanse apèl pou yo mande Prezidan Hosni Mubarack kite pouvwa a apre lidè ejipsyen an –k ap fè fas ak gwo pwoblèm te anonse li pa prale dèyè yon lòt manda nan eleksyon ki fikse pou mwa septanm pwochen an.

Plizyè santèn manifestan toujou okipe lari yo nan vil Lekèr mèkredi 2 fevriye 2011 la --pi preziseman yo rasanble sou Plas Liberasyon an, nan kapital la, kote yon afè de 250 mil moun te reyini madi 1er fevriye 2011 la pou yo fòse Prezidan Mubarack bay demisyon n imedyatman. An menm tan tou, plizyè santèn ejipsyen defile nan kapital la pou yo manifeste apui yo pou Prezidan Mubarack.

Lame ejipsyèn fè parèt yon deklarasyon kote li mande pèp la reprann aktivite nòmal li, paske, daprè dokiman-an, otorite konsène yo deja tande mesaj sitwayen yo. Se konsa tou, sèvis entènèt rekòmanse travay nan peyi a, aprè plizyè jou kote moun pat ka gen koneksyon ak wèb la, yon bagay ki pat janm rive anvan ann Ejipt.

Nan yon mesaj ki pase sou televizyon atravè tout peyi a madi 1er fevriye 2011 la, Prezidan Hosni Mubarrack di li pase tout vi li ap sèvi Lejipt ak pèp la, men li pa di anyen ki ta fè konprann li gen entansyon kite pouvwa a oubyen kite peyi a. Olye de sa, li deklare li pral travay pandan rès manda l la pou reyalizasyon yon transfè pouvwa a ki fèt nan lapè.

XS
SM
MD
LG