Accessibility links

Breaking News

Yon avyon EjipAir Disparèt sou Lanmè Meditèrane a ak 66 Moun Abò Li.


Yon modèl avyon ejipsyen ki disparèt la
Yon modèl avyon ejipsyen ki disparèt la

Ekip sekouris peyi Lejip ak Lagrès ap chache yon avyon EjipAir ki disparèt jedi 19 me 2016 la aprè li te kite vil Pari, an Frans, pou l ale nan vil Lekèr, kapital Lejip, avek 66 moun abò li (manm ekipaj ak pasaje). Daprè otorite grèk yo, rechèch yo ap dewoule nan lanmè, sou yon distans 130 mil notik o-sid zile Karpathos.

Minis afè etranjè fransè a, Jean-Marc Ayrault, fè konnen Lafrans pral voye avyon ak bato patisipe nan rechèch yo e otorite fransè yo ap kenbe yon kontak sere-sere ak kòlèg ejipsyen yo. Nan yon konferans pou laprès Misye Ayrault bay nan Paris, li deklare:

“ Nou mete nou a la dispozisyon fanmi yo; sa se yon priyorite pou nou. Se poutet sa nou kenbe yon kontak pèmanan avèk otorite ejipsyen yo..."

Ministè afè etranjè Lafrans ak Lejip prezante kondoleyans yo bay fanmi pasaje yo ak manm ekipaj la nan sikonstans la.

Dènye nouvèl yo fè konnen aparèy la tonbe nan Lanmè Meditèrane a; men otorite yo poko konnen si se akoz yon pàn mekanik oubyen yon atak teworis.

Prezidan fransè a, François Hollande, ki, li menm tou, bay yon konferans pou laprès nan Pari, deklare :

“Nou dwe chache gen garanti nou konnen tout bagay sou sa k lakoz sa k pase a. Nou pa ekate ni privilejye okenn posiblite.”

Dam sa a te gen moun abò avyon EjiptAir ki disparèt sou Lanmè Meditèrane a.
Dam sa a te gen moun abò avyon EjiptAir ki disparèt sou Lanmè Meditèrane a.

Misye Hollande konfime nouvèl ki di avyon an fè aksidan an e li repete deklarasyon chèf diplomasi li a, Jean-Marc Ayrault, kòmkwa otorite yo nan Pari rete an kontak dirèk avèk tokay yo nan Lagrès ak Lejip.

EjipAir di li te pèdi kontak ak aparèy la, yon Airbus A320, vè 2 zè 30 di maten, lè Lekèr, pandan aparèy la te sou yon otè 11 mil 278 mèt alòs ke li te fèk antre nan espas ayeryen ejipsyen an (16 kilomèt sèlman).

Minis defans grèk la, Panos Kamennos, deklare avyon an te fè yon viraj rapid sanzatann epi li te pran desann bridsoukou anvan li te disparèt sou rada a.

Nan Lekèr, minis aviyasyon an fè konnen li pa kapab ekate posiblite pou se yon atak teworis oubyen yon pwoblèm teknik ki responsab aksidan an. Pandan li tap pale a, manm fanmi pasaje yo te reyini nan ayewopò entènasyonal Lekèr la kote yo tap tann avèk enpasyans nouvèl sou sa k rive moun ki chè pou yo e ki te abò a.

XS
SM
MD
LG