Otorite ejipsyen yo fè konnen yo pwal anonse rezilta premye tou eleksyon palmantè yo apre yo te fin ranvwaye piblikasyon yo 2 fwa semèn sa a.
Rezilta vòt la ki sot dewoule lendi ak madi nan le Ker, Aleksandria, ak 7 lòt pwovens, te gen pou yo vin piblik mèkredi 30 novanm nan. Sepandan, responsab eleksyon yo te fè konnen yo bezwen plis tan pou yo konte bilten yo.
Obsèvatè fè konnen premye eleksyon ki dewoule nan Ejip depi Prezidan Hosni Mubarak te bay demisyon l nan mwa Fevriye a, li te sitou pasifik. Pou pi piti 42 moun pèdi lavi yo e plis pase 3 mil lòt blese nan lese-frape ant manifestan ak fòs sekirite yo anvan vòt la