Accessibility links

Breaking News

Vòt nan Dezyèm tou Eleksyon Palmantè yo ap Dewoule ann Ejip


Vòt nan Dezyèm tou Eleksyon Palmantè yo ap Dewoule ann Ejip
Vòt nan Dezyèm tou Eleksyon Palmantè yo ap Dewoule ann Ejip

Ejipsyen yo kòmanse vote nan dezyèm tou eleksyon palmantè yo, apre yon premye tou pati islamis yo te domine.

Biwo d vòt yo louvri nan 9 rejyon peyi a, pami yo: Aswan, Beni Suef, Giza, Ismailia, Suez ak Sohag. Vòt la dwe rapousuiv demen pou 498 syèj palman an. Yon twazyèn skriten dwe dewoule nan kòmansman mwa janvye a nan 9 lòt pwovens ki rete yo.

Eleksyon palmantè ejipsyen yo se premye nan k ap dewoule depi yon rebelyon popilè te dechouke Prezidan Hosni Moubarak sou pouvwa a.

Eleksyon pou senatè yo (ki pap genyen menm valè ak eleksyon depite yo, paske chanm sa a mwen enfliyan) dwe fèt nan fen mwa janvye 2012 la e bout nan mwa Mas ; apre sa, asanble a pral prepare nouvo konstitisyon an.

XS
SM
MD
LG