Plizyè milye ejipsyen rasanble sou plas Tahrir nan vil Kèr pou make premye anivèsè leve kanpe ki te kapote sou pouvwa a Prezidan Hosni Mubarak ki gen lontan depi l ap dirije Ejipt.
Nan foul ki pran lari mèkredi 25 janvye 2011 la genyen moun k ap selebre chanjman ki fèt nan peyi a pandan ke gen yon lòt gwoup ki di , yon lane apre , revolisyon pa konplè. Manifestan yo lanse apèl pou rejim militè ki nan tèt peyi a demisyone e renmèt pouvwa a bay yon gouvènman sivil.
Chanm bas la ki fenk eli nan palman an e ke islamis yo domine , te genyen premye rankont-li lendi ki sot pase la a e konsèy militè a pwomèt pou l remèt pouvwa a bay yon prezidan eli nan juyè 2012 la .
Prensipal dirijan militè Ejipt la, Mohamed Hussein Tantawi di li pare pou l leve yon pati nan eta dijans ki anvigè nan peyi a depi 30 tan, apati jodi mèkredi a.