Accessibility links

Breaking News

Paragwe - Eleksyon. Mario A. Benitez, Kandida Pati Kolorado a, Eli Nouvo Prezidan

Prezidan eli Peyi Paragwe a, Mario Abdo Benitez, kandida Pati Colorado a (nan mitan, ak yon foula wouj nan kou li), ak madanm li Silvana Lopez Moreira, ki t ap salye patizan li nan selebrasyon pati a te òganize nan katye-jeneral li nan Asuncion, kapital Paragwe, dimanch 22 avril 2018 la. (Foto: AP/Jorge Saenz).

Nan peyi Paragwe, elektè yo chwazi kandida pati ki sou pouvwa a, Pati Wouj la (El Partido Colorado), kòm nouvo prezidan de la Repiblik avek yon to 47 pou san vwa yo. Non pwochen Chèf Deta a se Mario Abdo Benitez. Advèsè li a, Efrain Alegre, resevwa 43%. M.

Abdo Benitez pral raplase prezidan sòtan an, Horacio Cartes, nan dat 15 zout pwochen. Viktwa kandida Pati Kolorado a se yon bagay analis politik yo te prevwa; men pwonostik yo te di li t ap ranpòte laviktwa ak yon avans omwens 20% vwa yo.

XS
SM
MD
LG