Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump: " Etazini Ap Rekonèt Pozisyon Lachin Kòm Souvren Sou Taiwann"


2 medam kap mache bò kote yon ansèy ki genyen foto Prezidan Lachin lan, Xi Jinping, ak foto Prezidan Ameriken, Donald Trump, nan Peken 9 fevriye, 2017.
(Foto: AP/Andy Wong)
2 medam kap mache bò kote yon ansèy ki genyen foto Prezidan Lachin lan, Xi Jinping, ak foto Prezidan Ameriken, Donald Trump, nan Peken 9 fevriye, 2017. (Foto: AP/Andy Wong)

Prezidan Etazini an Donald Trump fè konnen li pale nan telefòn ak Prezidan chinwa a, Xi Jinping, kote li di l Etazini gen entansyon onore politik “Yon Sèl Chin” nan e poutèt sa lap rekonèt pozisyon Lachin kòm souvren sou Taiwann kap dirije tèt li.

Deklarasyon sa a parèt kòm yon pa enpòtan nan direksyon pou amelyore relasyon ant 2 peyi yo ki te vin sou dout apre Mesye Trump te fin pale nan telefòn ak Prezidan Taiwann nan, Tsai Ing-wen, nan mwa desanm ane 2016 pase a.

Depi plizyè semèn, ensètitid tap gwosi sou avni relasyon ant Etazini ak Lachin lè Mesye Trump ak administrasyon li a te fè kòmantè ki pat fè otorite yo nan Peken plezi.

XS
SM
MD
LG