Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pase Tout Konsila li yo Lòd pou Mennen Bon Jan Ankèt sou Moun Ki Vin Mande Viza


Yon biwo imigrasyon nan Costa Rica. Foto: 26 novanm 2015.
Yon biwo imigrasyon nan Costa Rica. Foto: 26 novanm 2015.

Depatman Deta Ameriken mande konsila Etazini toupatou nan lemond pou yo idantifye sèten gwoup ke yo ta dwe ekzaminen plis pase lòt lè yo vin mande viza ameriken.

Lòd sa a ekzije biwo Etazini nan peyi etranje pou yo konsilte an pwofondè kont medya sosyal moun ki vin mande viza pou antre sou teritwa ameriken an, pou gade si ransèyman ta moutre yo gen koneksyon ak moun nan zòn ki anba kontwòl gwoup Eta Islamik la.

Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson
Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson

Sekretè Deta a, Rex Tillerson voye yon mesaj bay tout anbasad ameriken nan mond lan kote li mande yo pou fè reyinyon ak tout staff yo pou diskite sou lis nouvo mezi yo dwe konsidere avan pou bay kèk moun viza.

Dapre nouvo mezi sa yo, si yon aplikan deja kalifye pou yon viza ameriken, men ke li tonbe nan kategori moun yo sispèk ki makonnen ak zòn teworis yo, konsila la dwe pran tan pou etidye dosye moun sa byen etidye avan li bal otorizasyon pou vizite peyi Etazini.

Yon lòt kote, apre ajans nouvèl Reuters te premye pibliye direktikf Depatman Deta voye bay konsila li genyen yo nan mond la, gwoup adwat yo ak lòt moun kap defann imigran yo kritike adminstrasyon Pezidan Donald Trump la pou di l ap fè diskriminasyon kont moun ki mizilman.

Amnesty International depi nan dat 23 mas pase a te mande Depatman Deta pou pibliye dokiman mach asuiv sou nouvo mezi sa yo.

.

XS
SM
MD
LG