Accessibility links

Breaking News

Moskou Mande Washington Remèt li Bitasyon yo Te Sezi pou Li yo pou Akizasyon Zak Espyonaj


Yon machin ak plak diplomatik kap soti nan yon kay ki se pwopriyete peyi Larisi, nan New York. 30 desanm 2016.
Yon machin ak plak diplomatik kap soti nan yon kay ki se pwopriyete peyi Larisi, nan New York. 30 desanm 2016.

Larisi reklame pou Etazini remèt li 2 bitasyon ke sèvis ransèyman ameriken yo te fèmen, apre yo te konkli ke Moskou te mele nan eleksyon prezidansyèl 2016 yo nan peyi Etazini.

Minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov, kalifye desizyon pou fèmen bitasyon yo nan Nouyòk e nan Maryland kòm yon "vol ki fèt gwo lajounen."

Barack Obama, prezidan ameriken nan epòk la te fèmen bitasyon yo epi mete deyò nan peyi a 35 diplomat ke l te akize pou espyonaj nan mwa desanm ane pase a kòm repons pou sa l rele aksyon Larisi nan eleksyon an, yon akizasyon ke Moskou kontinye rejte.

XS
SM
MD
LG