Accessibility links

Breaking News

'Dwa Pou Vote' Jerry Tardieu Rankontre Dyaspora Ayisyen an Frans


Jerry tardieu.png
Jerry tardieu.png

Semèn sa a ansyen depite Petyonvil la ak fondatè pati politik En Avant, Jerry Tardieu, te rankontre ak dyaspora ayisyen an Frans. Objektif li se te motive dyaspora ayisyen an pou bay kontribisyon yo aktivman nan pwochen eleksyon kap vini yo ann Ayiti.

"Mwen panse ke dyaspora ayisyen kapab fè yon diferans nan pwochen eleksyon yo, nou gen 4 milyon Ayisyen ki ap viv aletranje, sa vle di nou gen 4 milyon moun ki ka deside kiyès ki ap dirije peyi a " deklarasyon Jerry Tardieu nan mikwo korespondan nou Edouard Gedems.

Dwa vòt ak enpòtans vòt moun ki nan dayspora te sijè politisyen an te trete nan reyinyon sa. Ansyen Depite a te ankouraje dyaspora ayisyen an Frans pou bay kontribisyon yo aktivman pou yo kapab pote chanjanm nan peyi a. Daprè Jerry Tardieu, si dyaspora a patisipe nan eleksyon, yo ka chwazi pwochen dirijan yo nan ane kap vini yo, paske moun ki an Ayiti pa vreman patisipe nan eleksyon.

En Avant

En Avant se yon nouvo mouvman politik ke Jerry Tardieu te lanse 3 Oktob 2020. Misye di li vle ofri peyi a yon lòt chwa politik ki "kapab mete Ayisyen ansanm nan yon pwojè nasyonal modènite ak pwogrè."

Pati politik sa a gen plizyè jèn moun entegre ladann, tankou Stephane Vincent yon jèn teknisyen ayisyen byen koni nan domèn nouvo teknoloji, enfòmasyon ak kominikasyon.

Depite a di moun Paris yo li pap fè kanpay elektoral - prezans li an Frans se tou senpleman paske pati politik li a, En Avant vle rive tout kote ki gen ayisyen aletranje.Li deja vizite Miami, Boston, New York e se te tou Lafrans kounyea. Pwochen destinasyon En Avant yo se la Swis, Bèljik, epi Chili.

Te gen anpil konpatriyòt nan kominote ayisyen an ki te reponn prezan nan rankont sa a, yo te trè sastifè, dapre sa yo di jounalis nou nan Paris, Gedems.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG