Pwosesis ratifikasyon premye minis deziye a Dr Garry Conille ap kontinye nan Chanm depite a kote komisyon k ap travay sou dosye kandida a ap pran kontak ak enstitisyon konsènè yo.
Pandansetan prezidan chanm Sena a, Rudolph Joazil , nan yon entèvyou li bay anvwaye espesyal Lavwad Lamerik la nan Pòtoprens Lyonel Desmarattes, deklare Dr. Garry Conille gen 50% chans pou l ta ratifye kòm premye minis.
Mesye Joazil te tou pwofite siyale konsiderasyon sou dosye rezidans premye minis deziye a pral baze sou konvansyon Ayiti siyen, sou prensip dwa entènasyonal ak sou lwa entèn peyi a.
Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj Lyonel Desmarattes.