Accessibility links

Breaking News

Siklòn Douglas Menase Awayi; Tanpèt Twopikal Hanna Poze Danje pou Meksik ak Tegzas


Siklòn Douglas pandan li t ap pwoche sou Zile Awayi yo. (Foto: NOAA/Handout via REUTERS)..

Siklòn Douglas pote avèk li gwo van mete sou gwo lanm lanmè melanje ak lapli nan moman l ap pase tou prè 3 nan zile ki fòme Eta Awayi tandiske restan Siklòn Hanna, li menm, pote gwo lapli ki pwovoke inondasyon sou kòt nò Peyi Meksik e sou pati sid Eta Tegzas.

Sant Nasyonal Siklòn Ameriken an, ki baze nan vil Miami, Eta Florid, fè konnen plizyè pati nan Awayi, san bliye kapital eta a, Honolulu, resevwa jiska 15 santimèt lapli pandan 2 jou ki pase yo. Nan jounen lendi a Siklòn Douglas te ranmase van ki t ap soufle ak yon vitès maksimòm 140 kilomèt a lè.

Bò kote pa l, depresyon twopikal Hanna pèdi fòs ase nan jounen lendi a nan yon pwen kote li pa reprezante yon depresyon twopikal ankò; sepandan li kontinye poze yon gwo menas sou fòm gwo gren lapli avèk yon posiblite pou l pwovoke inondasyon. Espesyalis meteo yo fe konnen pi gwo risk ki poze a, se pou eta meksiken sa yo: Caohuila, Nuevo León, avèk Ramaulipas kote jiska 15 a 30 santimèt lapli tonbe nan jounen lendi a sèlman.

Hanna te touche tè sou kòt Eta Tegzas, Ozetazini, nan jounen samdi pase a kòm yon siklòn kategori 1 avèk gwo lapli lavalas, mete sou van-tanpèt ki vin koze gwo pwoblèm pou yon eta ki te deja ap konfwonte anpil difikilte akoz pandemi kowonaviris la. Otorite yo prese deplase al mete pi lwen anndan Tegzaz moun ki t al chache trètman kont maladi KOVID-19 la nan lopital ki sou kòt eta a, dekwa pou yo fè plas pou moun ki ta viktim anba gwo move tan sa a e ki ta bezwen asistans dijans.

Siklòn Hanna koupe elektrisite anpil kote nan pati sid Tegzas; li kraze anpil bato tandiske li pwovoke an mennm tan tou inondasyon ki anvayi lari yo. Sepandan, jiska nannuit nan jounen lendi a, otorite yo ni nan Eta Tegzas ni nan Peyi Meksik pa t rapòte okenn ka lanmò ni blese grav.

XS
SM
MD
LG