Nouvèl ki sòti Nouyòk fè konnen ansyen prezidan Fon Monetè Entènasyonal la, fransè Dominique Strauss-Khan, pral konparèt devan yon jij vandredi premye jiyè 2011 la nan moman nouvèl tonbe pou di akizasyon k ap peze sou do l la --kòmkwa li ta fè kadejak sou yon dam ki t ap travay nan yon otèl-- ebyen, nouvèl yo fè konnen akizasyon sa a sanble gen bon jan twou vid ladan n, akoz mank kredibilite dam nan.
Nan mwa me pase a lapolis nan Nouyòk te poze arestasyon Strauss Khan, ki se yon òm politik fransè veteran, sou akizasyon dèske li te kenbe yon ti dam 23 zan ki t al fè netwayaj nan chanm misye nan yon otèl de luxe nan Nouyòk.
Jounal New York Times ekri pou l di akizatris la, ki se yon imigran peyi Gine, sanble te bay manti plizyè fwa lè l t ap reponn kesyon reprezantan Pakè ki t ap mennen ankèt sou afè a. Se konsa tou, daprè jounal la, otorite lajistis yo jwenn enfòmasyon depaman sou pase manmzèl, tankou rezon li te bay lè l t ap aplike pou azil politik, e sanble li ta enplike nan aktivite kriminèl, tankou lavant dwòg ak lavaj move lajan.