Accessibility links

Breaking News

Etazini – Prezidansyèl : Donald Trump Pase Men nan Komite Direktè Kanpay Li a


Ozetazini, kandida a la prezidans Pati Repibliken an, Donald Trump, fè yon gwo pase-men nan direksyon kanpay elektoral li a nan jounen mèkredi 17 out 2016 la, mwens pase 3 mwa anvan sitwayen ameriken yo gen pou chwazi kilès ki pral ranplase Prezidan Barack Obama nan La Mezon Blanch.

Misye Trump nommen Stephen Bannon --kap dirije sit nouvèl an-liyn konsèvatè Breitbart- kòm direktè jeneral kanpay la e li chwazi yon espesyalis nan zafè sondaj, Kellyanne Conway, kòm jesyonè kanpay la. Nan yon deklarasyon kandida a fè parèt, li deklare: “2 pèsonalite sa yo se moun ki ekstrèmman konpetan; yo ekstrèmman kalifye; yo renmen ranpòte laviktwa e yo konnen kijan pou yo ranpòte laviktwa.”

Daprè kèk sous ki pwòch kanpay Trump la, kòm nouvo direktè jeneral, Stephen Bannon pral gen pou l sipèvize tout pèsonèl la epi pase an revi tout desizyon konsènan kanpay la, tandiske Madam Comway pral santre atansyon li sou mesaj Donald Trump vle fè pase, pandan li pral vwayaje souvan ak kandida a.

XS
SM
MD
LG