Accessibility links

Breaking News

Prezidan Eli Ameriken an, Donald Trump, Chanje Lide sou Dosye Hillary Clinton nan

Prezidan-eli ameriken an, Donald Trump : "Mwen pa santi yon ankèt sou rival Demokrat mwen nan kanpay prezidansyèl la, Hillary Clinton, se yon bagay ki tèlman merite atansyon nou." Misye Trump pale konsa nan yon entèvyou avèk jounal The New York Times nan New York, madi 22 novanm 2016 la.

Ozetazini, prezidan eli ameriken an, Donald J. Trump, sanble ap fè back sou kèk nan tèm li te devlope pandan kanpay elektoral la -pami tèm ki te toujou nan bouch li, gen pwomès li te fè pou l te mete rival demokrat li a, Hillary Clinton, nan prizon si l te ranpòte eleksyon prezidansyèl la. Misye Trump te gen, nan jounen madi 22 novanm nan, yon rankont ak laprès -sitou kèk redaktè jounal New York Times- kote li abòde dosye a. (New York Times se yon jounal prezidan-eli a te kritike seryezman pou repòtaj li yo pandan kapay la; men kounyela a li di li respekte jounal sa a e li li li regilyèman).

Prezidan-eli Donald Trump ki tap salye foul la ak gwo pous li pandan li tap kite katye-jeneral New York Times nan apre rankont li ak jounalis jounal sa a nan dat 22 novanm 2016 la nan New York.
Prezidan-eli Donald Trump ki tap salye foul la ak gwo pous li pandan li tap kite katye-jeneral New York Times nan apre rankont li ak jounalis jounal sa a nan dat 22 novanm 2016 la nan New York.

Nan rankont prezidan-eli a ak jounalis yo, li kite moun konprann li pa gen okenn entansyon mande lajistis re-louvri yon ankèt sou fason Madanm Clinton te itilize yon sistèm kominikasyon elektwonik prive pou l te trete dosye ofisyèl gouvènman ameriken an lè ansyen kandida demokrat la te nan tèt diplomasi Lèzetazini; se konsa tou Misye Trump fè konnen li pa enterese ankò pou l mande otorite yo louvri je sou operasyon Fondasyon Clinton te mennen pandan dè zane. Prezidan eli a deklare :

“Mwen pa vle fè fanmi Clinton nan mal. Franchman mwen pa vle fè sa. Madanm Clinton travèse anpil moman difisil nan divès fason; pa egzanp, kanpay la te di e pafwa gen aksyon mechan tou lè 2 kan yo te poze...."

Pou fini, Misye Trump di li pa tèlman gen enpresyon yon ankèt sou Madanm Clinton tap debouche sou anyen ki vo lapèn pou moun konnen.

------------------------------

TRANZISYON GOUVENNMAN AN

Yon lòt kote, pou sa k konsène fason tranzisyon gouvènman an ap mache Ozetazini, nouvèl yo fè konnen Gouvènè Eta Kawolin di Sid la, Nikki Haley, byen plase pou l tounen pwochen anbasadris Lèzetazini nan Oganizasyon Nasyon Zini --yon nominasyon ki kapab fèt depi nan jounen mèkredi 23 novanm nan.

Gouvènè Kawolin di Sid la, Nikki Haley, ki renmen fè jès lè lap pale. La a li tap pran lapawòl nan Konvansyon Nasyonal Sosyete Avoka Federalis yo, nan dat 18 novanm 2016 la, nan Washington, D.C..
Gouvènè Kawolin di Sid la, Nikki Haley, ki renmen fè jès lè lap pale. La a li tap pran lapawòl nan Konvansyon Nasyonal Sosyete Avoka Federalis yo, nan dat 18 novanm 2016 la, nan Washington, D.C..

Madanm Haley --ki gen 44 tran-- se pitit-fi imigran ki sòti nan peyi Lend e li rive sou 2èm manda li kòm gouvènè Kawolin di Sid. Men, li pa genyen okenn eksperyans nan domèn diplomasi a -kidonk, domèn relasyon entènasyonal la. Si nominasyon n nan konfime, li tap tounen premye manm nouvo kabinè ministeryèl ameriken an ki pa yon gason blan.

XS
SM
MD
LG