Accessibility links

Breaking News

Djokovic Kale Kyrgios Pou Ranpòte 7èm Chanpyona Wimbledon ni


Sèb Novak Djokovic selebre apre li finn kale Ostralyen Nick Kyrgios pou ranpote final maskilen Wimbledon nan, Dimanch 10 Jiye, 2022.
Sèb Novak Djokovic selebre apre li finn kale Ostralyen Nick Kyrgios pou ranpote final maskilen Wimbledon nan, Dimanch 10 Jiye, 2022.

Novak Djokovic kale Nick Kyrgios 4-6, 6-3, 7-6 nan final maskilen Wimbledon nan pou'l ranpòte 7èm chanpyona Wimbledon ni.

Nimewo 1 tenis mondyal la, Djokovic ranpòte 28 match youn apre lòt nan Wimbledon e li ogmante palmarès li a 21 twofe enpòtan.

Sa mete misye preske egal ego ak Rafael Nadal ki ranpòte 22 twofe - ki se yon akonplisman istorik nan domèn tenis la.

Sèrb Novak Djokovic kenbe twofe li pandan li selebre viktwa li sou Ostralyen Nick Kyrgioso nan chanpyona tenis Wimbledon nan, Dimanch 10 Jiye, 2022.
Sèrb Novak Djokovic kenbe twofe li pandan li selebre viktwa li sou Ostralyen Nick Kyrgioso nan chanpyona tenis Wimbledon nan, Dimanch 10 Jiye, 2022.

Djokovic, ki gen 35 an, tounen dezyèm jwè maskilen pi aje ki ranpòte chanpyona Wimbledon nan nan epòk pwofesyonèl la.

Kyrgios limenm, ki klase 40èm mondyal tap eseye tounen premye chanpyon maskilen ki pa klase pami pi bon yo depi Goran Ivanisevic te fè'l an 2001.

Ivanisevic ap travay kounyea kom antrenè Djokovic e li te asiste match la, kote li te chita nan youn nan syèj espesyal yo pou swiv de pre.

XS
SM
MD
LG