Accessibility links

Breaking News

Divès Diplomat Akredite ann Ayiti Regrèt Enpas Politik la


Plizyè anbasadè ki an pòs ann Ayiti fè konnen kè-sote yo genyen devan enpas politik peyi a ap travèse kote li difisil pou prezidan Michel Martelly jwenn konfimasyon yon nouvo Premye Minis.

Daprè diplomat yo, kriz sa a ap fè peyi a ap pèdi bon jan chans pou l pwofite asistans kominote entènasyonal la dispoze ba li.

Pami diplomat sa yo genyen anbasadè Lèzetazini an, Kenneth Merten, chèf misyon diplomatik Lafrans la, Didier Lebret, ak anbasadè alman an, Peter Voss.

XS
SM
MD
LG