Accessibility links

Breaking News

Kisa Fammi M Ka Fè pou Nou Diminye Chans pou N Trape Maladi Kowonaviris?


Moun k ap lave men yo kòm youn nan mwayen pou yo anpeche maladi kowonaviris la antre sou yo.
Moun k ap lave men yo kòm youn nan mwayen pou yo anpeche maladi kowonaviris la antre sou yo.

Repons la, an jeneral, se pou w pran sa ki rele“aksyon prevansyon”ki ka ede w redui risk pou w tonbe malad; se pou w fè tout moun nan kay la sonje pou yo fè menm bagay la. Aksyon prevansyon yo (sètadi prekosyon ou ka pran davans pou w anpeche maladi a antre sou ou), se aksyon ki espesyalman enpòtan pou moun ki aje yo ak moun ki deja genyen yon pwoblèm medikal kwonik grav. Sou lis aksyon sa yo nou jwenn:

  • Se pou w evite pran kontak avèk yon moun ki deja malad;
  • Rete lakay ou si w malad, eksepte pou w al lopital oubyen kay doktè;
  • Kouvri figi w si w ap touse oubyen etènye. Pou w fè sa, itilize yon napkin oubyen you lòt moso papye jetab kèlkonk; lè w fini, lage papye sa a nan poubèl.
  • Lave men w byen lave; lave l souvan avèk savon e dlo pandan omwen 20 segond, espesyalman apre w fin mouche nen w, touse oubyen etenye. Fè sa tou apre w fin sòt nan twalèt, anvan w manje oubyen anvan w prepare manje;
  • Si pa gen dlo ni savon kote w ye a, itilize yon dezenfektan a baz alkòl (avèk omwen 60% alkòl). Toujou lave men w ak savon e dlo si men w paret kòm si yo sal;
  • Netwaye e dezenfekte yon sifas oubyen yon bagay moun touche souvan --tankou, pa egzanp, tab, sifas yon kontwa oubyen yon biwo, switch ki limen limyè, manch pòt ak manch yon tiwa oubyen yon klozèt (sa yo rele “placard” la);
  • Anfen netwaye oubyen lave tout bagay ki dwe netwaye oubyen lave kòmsadwa e daprè rekòmandasyon konpayi ki te fabrike bagay la. Si se posib, lè w ap lave yo, itilize tanperati ki pi wo posib la (depi bagay la kapab sipòte l) epi seche yo byen seche. Ou kapab lave rad sal yon moun ki malad an menm tan ke rad sal tout lòt moun.
XS
SM
MD
LG