Accessibility links

Breaking News

Yon Misyon Diplomatik Pou Disney


Yon Misyon Diplomatik Pou Disney
Yon Misyon Diplomatik Pou Disney

Defen animatè Walt Disney kite diyè pou nou Mickey Mouse ak Donald Duck. An 1938 li te fè sòti premye fim anime l, Blanch Nèj. Ane pase, ane vini, e Disney tounen yon lanpi ki devlope pou l ajoute sou repètwa li film daksyon kap dewoule an dirèk, yon rezo televizyon avèk yon sant datraksyon touristik.

Sete an 1941. Lèzetazini potko antre nan lagè a; men li te pè enfliyans Nazi ak Fasis yo ki tap ogmante nan Amerik yo. Prezidan Franklin Roosevelt te lanse Politik Bon Vwazinaj la pou amelyore relasyon ant pweyi ki nan emisfè a, e li te mande Disney pou l sèvi kom yon anbasadè bòn volonte pou l kore pwojè sa a.

Se konsa Disney ak tout yon ekip atis, ekriven ak konpozitè, te anbake nan yon seri vwayaj ki te dire 10 semèn atravè Amerik Latin nan kote yo te rankontre atis, diplomat e menm òm politik, san bliye chèf deta ak chèf gouvènman.

Disney te deja popilè nan Amerik Latin nan e yo te trete l takou yon ewo. Animatè ameriken ki t ap travay avè l yo te vin nouvo tèm ak ide pou enspire yo; yo te jwenn enspirasyon, pa egzanp, nan chanson atis latino-ameriken yo, pèsonaj ki te nan liv otè ki tap viv nan peyi latino-ameriken yo, pèsonaj tankou jako brezilyen Joe Carioca kap fimen siga e ki te parèt pou la premyè fwa an 1942 nan yon film Disney ki te rele “Saludos Amigos”.

Sineyas Ted Thomas espere yon dokimantè li prepare sou misyon diplomatik Disney va pèmèt sinefil yo dekouvri yon echanj kiltirèl san parèy kap ede devlope a la fwa bòn volonte politik avèk talan kreyatif.

XS
SM
MD
LG