Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Pral Prezante Madi swa Premye Diskou li sou Eta Inyon an


Lokal Kongrè ameriken an nan Washington kote Prezidan Donald Trump pral prezante premye mesaj li sou Eta Unyon an. (Foto: 30 janvye 2018).
Lokal Kongrè ameriken an nan Washington kote Prezidan Donald Trump pral prezante premye mesaj li sou Eta Unyon an. (Foto: 30 janvye 2018).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, pral pwononse nan sware madi 30 janvye 2018 la, premye diskou li sou Eta Inyon an devan manm 2 chanm Kongrè a reyini. Milye enfòme yo atann yo aske Misye Trump mete aksan sou yon ekonomi amerikèn ki fò epi lanse apèl pou l mande lidè 2 pati yo (Repibliken ak Demokrat) antann yo sou yo pran daksyon pou jwenn yon solisyon pou dosye imigrasyon an.

Anons sa a di an espayòl : Donald Trump - Diskou sou Eta Inyon an, 30 Janvye 2018 - a 9 Vè Diswa.
Anons sa a di an espayòl : Donald Trump - Diskou sou Eta Inyon an, 30 Janvye 2018 - a 9 Vè Diswa.

Lidè ameriken an pral prezante mesaj sa a yon ane apre li te monte sou pouvwa a e anviwon yon semèn apre yon fèmti gouvènman an ki te gen kòm koz yon divizyon ant 2 pati yo sou bibjè federal la e sou kesyon pou konnen kijan pou gouvènman an fè fas ak pwoblèm plizyè santèn jenn imigran ki te antre nan peyi sa gen plizyè ane ilegalman avèk paran yo.

Otorite yo nan La Mezon Blanch fè konnen Prezidan Trump pral pale tou de travay, kwasans ekonomi an avèk rediksyon taks gouvènman an te adopte sa pa gen lontan, san bliye yon apèl pou manm Kongrè a apwouve plan li genyen pou li itilize plizyè milya dola nan domèn enfrastrikti a pou konstriksyon wout ak pon, epi pou modènize ayewopò yo.

XS
SM
MD
LG