Lidè gwoup G-20 an ki rankontre nan Toronto o Canada aksepte pou peyi pi endistriyalize nan le mond lan diminye sou defisi budjè yo a mwatye nan 3 zan, avèk plis mezi pou yo koupe sou dèt yo pa rapò a pwodiksyon ekonomik yo bò lan 2016. Gwoup G-20 an, ki gen ladann pi gran pwisans endistriyalize yo, plis nasyon an devlopman ki gen ekonomi enpòtan tankou la Chin ak peyi End dakò sou yon tan presi pou rediksyon defisi a pandan ke y ap bay gouvènman yo flexibilite pou yo ajiste chanjman an baze sou pwòp sitiyasyon yo. Premye minis kanadyen an, Stephen Harper, ki te inogire somè a, di ekonomi mondyal la fragil e li bezwen toujou pwogram relans ekonomik gouvènman yo. Men li souliyen fòk nasyon yo koupe sou defisi budjetè yo. Mesye Harper di: "Se yon kòd rèd ke nou dwe mache sou li. Pou nou rekanpe sou pye, li enpòtan pou nou siv plan relans ekonomik ki egziste deja yo e ke nou pran angajman pou n aplike ane pase a. Men an menm tan tou, Harper di, peyi avanse yo dwe voye yon mesaj klè pou montre ke pandan plan relans ekonomik nou an pra l rive nan bout li, nou pral konsantre efò nou pou nou mete asyèt fiskal nou yo an òd. Prezidan Barack Obama ak lòt otorite ameriken yo plede nan somè a kont nempòt ralantisman twò bonè nan depans gouvènman yo. Yo di koupe depans leta yo twò bonè, ka petèt mennen nan yon dezyèm resesyon mondyal. Nan fen konferans de press la, yo te poze prezidan an kesyon sou divizyon ki genyen sou kesyon sa a. Prezidan Obama te reponn: " Ozetazini, mwen fikse yon objektif pou m koupe sou defisi budjè nou an "ren pou ren" disi 2013. Yon kantite patnè ewopeyen nou yo a pran desizyon difisil. Men nou dwe rekonèt sante fiskal demen nou an pa pral repoze sou ti mezi zuit, men sou kapasite nou pou nou kreye travay ak kwasans jodi a.
Msye Obama di lidè mondyal yo aksepte tou pou yo travay ansanm pou garanti kwasans ekilibre. Apre G-20 an, prezidan Obama retounen Washington kote li pral tann Kongrè a bay aprobasyon final li sou pwojè lwa ki pral enpoze nouvo règleman sou sistèm finansye Etazini an.