Accessibility links

Breaking News

Diplomasi: Sekretè Deta Hillary Clinton Rankontre Kòlèg Ajanten li, Hector Timerman


Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, fè konnen li espere akò lidè peyi Venezuela ak Kolonbi rive jenn madi 10 out la a ta pote yon solisyon pou pwoblèm ki poze ant 2 rival sid ameriken sa yo. Madam Clinton te abòde kesyon n pandan li t ap fè chita-tande mèkredi 11 out la ak tokay ajanten n nan, Hector Timerman, isit Washington.

Peyi Ajantinn te jwe yon wòl klé nan travay ki te nesesè pou garanti siyati akò Kolonbi-Venezuelyen an, yon akò 2 peyi yo te rive jwenn nan yon rankont ki te dewoule ant Prezidan Hugo Chavez (Venezuela) ak Prezidan Juan Manual Santos (Kolonbi).

Nan yon konferans pou laprès chèf diplomasi amerikèn nan bay ansanm ak misye Timerman, sekretè deta a fè konpliman pou jan Ajantin te rive sèvi ak diplomasi pou l rezoud kriz la; e nan tèt efò ki te nesesè yo, te genyen prezidan peyi Ajantin nan menm, Christina Fernandez de Kirchner.

Sekretè deta Clinton di:

«Lèzetazini apresye wòl konstriktif e pozitif Ajantin te jwe pou l te ankouraje Kolonbi ak Venezuela jwenn yon solisyon pasifik pou pwoblèm yo. E nou pral kontinye apiye efò sa yo. Jan mwen di minis afè etranjè a sa nan rankont nou, nou espere men ke Prezidan Santos te lonje bay Venezuela a, ak resepsyon Prezidan Chavez ba li a, va debouche sou solisyon pozitif pou yon seri de pwoblèm ki egziste depi byen lontan.»

Se premye vizit minis afè etranjè Hector Timerman, nan Washington depi li te pran tèt diplomasi ajantin nan nan mwa jen pase a. Misye Timerman fè konnen, ankourajman pou Caracas ak Bogota te chache rekonsilyasyon an, te kòmanse pandan yon rankont Prezidan Santos te fè nan Buenos Aires avèk Prezidan Kirchner.

Misye Timerman fè konnen

« An fèt, se nan Buenos Aires plan dyalog a te kòmanse. E nou kapab wè rezilta yo. 2 jou sèlman aprè li te prete sèman, Misye Santos reyalize rankont la, e sa ban nou, daprè sa nou espere, kòmansman yon bon jan relasyon ant 2 peyi, epi sa va mete fen nan move relasyon ki te egziste antre yo .»

Misye Timerman, ki se yon ekriven e yon militan dwa moun ki te pran egzil sou diktati militè a ann Ajantin, bat bravo pou Washington poutèt Lèzetazini te leve kanpe kont rejim militè yo; e li raple ke premye vizit li te fè nan Depatman Deta, sété pou l mande azil politik.

Pandan konferans pou laprès la, Sekretè deta Clinton fè konpliman pou wò̈l Ajantin te jwe nan efò pou pote asistans bay peyi Dayiti apre tranblemandtè 12 janvye a e pou kowoperasyon Buenos Aires nan lit kont teworism entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG