Otorite yo nan Lachin fè konnen anvan lontan yo pral resevwa, nan kapital peyi yo, Peken, yon delegasyon k ap sòti Libi e k ap reprezante Mouvman Opozisyon an.
Ajans nouvèl ofisyèl la Chin Nouvèl site misye Chen Xiaodong, yon ofisyèl nan ministè afè etranjè chinwa a, ki t ap anonse vizit la nan yon pwen-de-près jedi 9 jen 2011 la.
Misye Chen pale konsa nan moman yon anvwaye Prezidan Gadhafi t ap mete fen nan yon vizit 2 jou nan Peken kote li mande otorite yo pote konkou yo nan efò k ap fèt pou jwenn yon seselfe ant rebèl yo ak gouvènman an.