Accessibility links

Breaking News

Dife ki Pran nan yon Bilding nan Bronx, Nouyok Lakoz 19 Moun Mouri


Ponpye ap travay pou etenn dife ki pete nan yon bilding nan Bronx, Samdi 9 Janv. 2022.
Ponpye ap travay pou etenn dife ki pete nan yon bilding nan Bronx, Samdi 9 Janv. 2022.

Responsab ponpye vil Nouyòk yo fe konnen yon chofaj ki pat byen mache te koze yon dife ki pran nan yon bilding nan Bronx kote lafimen te anvayi li epi touye 19 moun.

Pami viktim ensandi a ki rive Dimanch maten, te gen 9 timoun. Se dife pi grav vil la konstate depi 30 an.

Komise Sape Ponpye Daniel Nigro deklare yo jwen viktim sou tout etaj yo. Li di anpil nan yo te fè kriz kadyak oubyen yo patka respire. Gen kèk moun ki te bloke nan apatman yo akoz lafimen an e yo te sètoblije rete tann pou ponpye vinn etenn dife a.

Moun ki soti vivan yo rakonte kijan moun te pran kouri ak panik, koulwa yo te fè nwè e yo prèske patka respire.

Majistra Eric Adams deklare ponpye yo te kontinye travay pou sove moun nan bilding nan ki gen 19 etaj, menm apre yo pat gen oksijèn ankò .

XS
SM
MD
LG